Kesyonè pou Remi



Yüklə 2,69 Mb.
tarix07.11.2018
ölçüsü2,69 Mb.
#78196

Kesyonè pou Remi

AFWO-AMERINDYA. YON VWA LESPWA NAN LEGLIZ AMERIKLATIN AK KARAYIB LA



Remi, Jounal Bon Nouvèl , kontan salye. Nou kontan paske ou pare pou ou eklere je fanatik ak yon gwoup nan Legliz la ki rele Amerindya.

  1. Avan nou antre nan nannan koze a, nou ta renmen ou di fanatik yo kilès ou ye?

Mwen salye nou tou Jounal Bon Nouvèl e mwen salye zanmi Jounal Bon Nouvèl yo tou. Mwen kontan ak nou nan okazyon sa pou pataje ak nou yon esperyans esperans. Mwen rele Remi Elyazè (Rémy Eliazer), nèg Kazal. Mwen se yon ansyen seminaris klareten ki make ak renmen Pawòl Bondye a nan kè li. Aktyèlman m ap kolabore ak CE.FO.I (Sant Fòmasyon Entècongregasyonèl) nan divès aktivite li yo, m ap etidye Syans Jiridik epi mwen kolabore nan kòdinasyon Afwo-Amerindya Ayiti a.

  1. Remi, nan premye rankont nou te genyen avè ou, ou te di nou, li ta bon pou moun ki kwè nan Bondye yo konnen yon reyalite ki nan Legliz Ameriklatin ak Karayib la. Nou menm ki aktif ladan l, nou rele reyalite sa a, Amerindya. Eske ou ka di fanatik yo, kisa Afwo-Amerindya a ye?

AFWO-MERINDIA se yon mouvman kretyen ki nan Ameriklatin ak Karayib la ki santre aktivite li yo nan chèche konprann, viv epi pataje Pawòl ak Misyon Jezi Nèg Nazarèt la nan lavi pèp afwo ak amerendyen yo. Li te koumanse nan lane 1978 ak lide pou prepare Konferans Pwebla a, tankou yon gwoup teyolojyen konseyè evèk yo. Piti piti li te vin tounen yon platfòm ki genyen ladan l Evèk, teyològyen, kominikatè, edikatè, syantis sosyal, relijye ak layik fanm kou gason ki angaje yo nan sipòte Legliz la ak nouvo mouvman ak aktivite sosyal yo ak nouvo evanjelizasyon an. Nan esperyans li te fè nan mitan pèp Bondye a, Afwo-Amerindya defini tèt li tankou yon rezo katolik nan Ameriklatin ak Karayib la ki genyen yon lespri ekimenik epi ouvè nan dyalòg ak koperasyon entèrelijye ak lòt enstitisyon yo. Li te kòmanse tankou yon espas k ap eseye asimile gwo tansyon lavi ak misyon Legliz la t ap travèse nan lemonn, e sitou nan Ameriklatin ak Karayib. Espas la asimile tansyon sa yo nan yon dimansyon laj ak nan tout entegralite li. Amerindya mete tét li bó kote moun k ap soufri ( nan) nenpót ki ( tout) fòm esklizyon ekonomik, sosyal, kiltirèl ak ekolojik kòm yon kote yo kapab ede yo dwe rejwenn lespwa nan Levanjil la ak nan refleksyon teyolojik yo.

  1. Ki wòl Afwo-Amerindya jwe nan Legliz la?

Afwo-Amerindya santi Bondye rele l pou soutni lespwa lafwa kretyen yo nan reyini nou nan ti selil refleksyon. Paske jounen jodi a nou konstate, don sa nou te resevwa palantremiz Lesprisen an nan gwo danje pèdi fòs li akoz rale moulen, silans oubyen fatig kèk moun, gwoup ak kominote nan tout kontinan nou an. Afro-Amerindya kwè li ka kontribye nan renouvle lespwa nan lafwa anpil moun ak kominote kretyen, nan menm tan tou aprann viv li nan sila yo ki bezwen li pou viv chak jou nan lavi yo.

  1. Remi, Eske ou gen kesyon ou ta renmen reponn nou pa poze ou?

Mwen ta renmen souliye pou nou Afwo-Amerindya rejwi epi sipòte gwo kokenn chenn van lespwa ki soufle nan Legliz la nan mesaj ak gès semplisite pap Franswa yo. Nouvo reyalite sa ede Afwo-Amerindya reyafime opsyon preferansyèl li a pou akonpaye pòv yo nan Ameriklatin ak Karayib la, pandan l ap aktyalize eritaj Konferans Evèk nou yo te òganize nan kontinan nou an pou leve nouvo defi peyi nou yo akoz sistèm globalizasyon neyoliberal la. Pou fè travay sa, sa mande anpil jefò pou reyafime opsyon pou modèl Legliz kominotè ak patisipatif ak yon teyoloji k ap chèche delivrans pou sila k ap soufri yo kòm aksyon legliz inivèsèl la. Se ak menm motif sa yo Afwo-Amerindya vin pote konkou pa l nan rekonstriksyon peyi nou an sou modèl Wayòm Bondye a. Poutèt envite kretyen pou tounen nan sous la : lavi Jezi; patisipe ak angaje nou nan nouvo mouvman sosyal yo pou konstwi yon nouvo reyalite sosyal nan peyi a ak kontinan an. Li vle pote konkou pal nan ankouraje Legliz Dayiti pou li ede li reyafime opsyon preferansyèl pou akonpaye sa ki pi piti yo epi aktyalize tradisyon espirityèl, teyolojik, pastoral, sosyal.

  1. Ki dènye mo ou genyen pou fanatik yo?

Pou fini mwen ta renmen envite nou pou nou ouvè sansibilite nou pou chèchè mete lafwa nou chita sou Pawòl Bondye a (ki nan Bib la epi nan liv reyalite a); paske li se semans Wayòm Bondye a pou tout latè beni. Afwo-Amerindya vle ankouraje nou pou nou viv ak enkyetid devan Pawòl la. Sa se yon gwo zam k ap ede nou grandi nan lafwa. Pou sa posib fòk nou viv li nan ti gwoup, nan chita tande epi pataje esperyans lafwa ak lòt yo. Afwo-Amerindya santi li genyen yon misyon espesyal pou kontribye nan nivo sa. Tankou pitit Legliz la, li envite ou tou pou ou kolabore ak Legliz la pou simaye esperans lafwa ou nan Wayòm Bondye a nan mitan sa ki pi piti nan tout rakwen pou tout fas tè a.


Yüklə 2,69 Mb.

Dostları ilə paylaş:




Verilənlər bazası müəlliflik hüququ ilə müdafiə olunur ©genderi.org 2024
rəhbərliyinə müraciət

    Ana səhifə