Prevni Maladi
Tik Simaye
Kisa tik yo ye ?
Tik yo se ensèk ki viv gras a san moun ak animal. Lè
yo mòde w, yo ka fè w malad. Gen de kalite tik nan
Massachusetts ki ka pote maladi — tik ki sou sèf ak tik
ki sou chen.
Tik ki sou sèf yo
Ni jenn tik ki sou sèf (nymp) ni adilt tik ki sou sèf mòde moun. Ris
pou yon tik ki sou sèf mòde w pi wo nan prentan, ete ak otòn. Men,
tik yo ka deyò nenpòt lè tanperati ivè yo pi wo pase tanperati k ap
fè glas. Jenn tik ki sou sèf (nymph) yo menm gwosè ak yon grenn
"pavo" ("poppy") epi tik adilt ki sou sèf yo menm gwosè ak yon
grenn jijiri, kidonk li ka difisil pou moun wè yo.
Tik ki sou chen yo
Anjeneral, se sèlman tik adilt ki sou chen yo ki mòde moun. Ris
pou yon tik ki sou chen mòde w pi wo nan sezon prentan ak ete.
Tik adilt ki sou chen yo menm gwosè ak yon grenn melon dlo.
Ou dwe retire yon tik avèk atansyon pi vit
posib. Pi plis tan yon tik ki enfekte fè kole
sou ou, se plis chans ou genyen pou w malad.
Itilize pwodui sa yo avèk pridans !
Swiv enstriksyon ki sou etikèt pwodui a. Si w gen
kesyon apre w fin li etikèt la, kontakte konpayi ki fè
pwodui a.
• Pa itilize pwodui pou repouse ensèk anba rad ou.
• Pa itilize pwodui pou repouse ensèk sou kote w blese oswa
kote po w irite.
• Pa itilize pwodui pou repouse ensèk tou pre bouch ou oswa je
w — epi itilize yon tikras ozalantou zòrèy ou yo. Lè w ap itilize
pwodui espre yo, flite pwodui a nan men w dabò epi apre pase
l nan figi w.
• Itilize yon ti kantite ki kont ase pou kouvri po ki pa kouvri a
lejèman ak/oswa rad la. Mete anpil nan pwodui a bay pi bon
rezilta.
• Pa kite timoun manyen pwodui a. Lè w ap itilize pwodui pou
repouse ensèk sou timoun, mete enpe nan men w dabò, epi
apre pase l sou timoun nan. Pa mete pwodui pou repouse
ensèk nan men timoun.
• Lè w antre lakay ou, lave men w ak rad yo ki te gen pwodui pou
ensèk sou yo a.
Kisa pou m fè si m fè yon reyaksyon a
yon pwodui pou repouse ensèk ?
Si w sispèk oumenm oswa timoun ou an gen yon reyaksyon
segondè a yon pwodui pou repouse ensèk (pa egzanp si w vin
genyen yon gratèl sou po w oswa lòt sentòm ou panse se paske
w t ap itilize yon pwodui pou repouse ensèk), retire kèlkeswa
rad ki te gen pwodui a sou yo a, lave zòn ki afekte a avèk savon
ak dlo, epi kontakte doktè w oswa sant kontwòl pwazon ki nan
lokalite w la. Si w pral kay doktè w la, mache ak pwodui pou
repouse ensèk la — enfòmasyon k sou etikèt la kapab ede.
Nimewo telefòn gratis Sant Rejyonal pou Kontwòl Pwazon an se
(800) 222-1222.
Ki maladi tik yo simaye ?
Tik sou chen yo ka simaye lafyèv poup nan Mòn ki gen
Wòch (Rocky Mountain spotted fever) ak Tilaremi.
"Rocky Mountain spotted fever" se yon maladi bakteryèn ki
bay jeneralman gwo lafyèv ak maltèt grav epi fatig. Sentòm
yo kòmanse nenpòt lè soti nan 3 jou pou rive sou 2 semèn
apre yon tik ki enfekte fin mòde yon moun. Yon gratèl ki gaye
al nan pla men ak anba pla pye parèt souvan ant 3 a 5 jou
apre lafyèv la kòmanse. "Rocky Mountain spotted fever" a se
yon maladi ki ra nan Massachusetts epi li rive jeneralman nan
pati sidès eta a, Cape Cod, ak nan Martha's Vineyard.
Tilaremi se maladi bakteri bay apre yon tik sou chen ki
enfekte mòde yon moun. Sentòm yo kòmanse jeneralman
ant 3 a 5 jou apre tik la mòde moun nan, men li ka pran
jiska 3 semèn pou yo parèt. Moun tik mòde yo genyen
jeneralman yon blesi ki pran tan pou l geri sou po yo ak
glann yo ki anfle (glann lenfatik yo). Nan Massachusetts,
moun enfekte pi souvan Cape Cod, Martha's Vineyard
ak Nantucket.
Tik ki sou sèf yo ka simaye maladi Lyme (Lyme
disease), Babezyoz, ak anaplasmoz.
Se bakteri ki bay maladi Lyme nan. Sentòm yo kòmanse
nenpòt lè soti nan 3 jou pou rive sou 1 mwa apre yon tik ki
enfekte ki sou sèf fin mòde yon moun. Sentòm yo ka gen
ladan yo yon gratèl ozalantou kòte tik la mòde moun nan
ki sanble souvan a je yon towo bèf, ak / oswa sentòm ki
sanble ak grip. Si moun nan pa trete, bakteri a ka anvayi
lòt pati nan kò a epi li ka lakoz rimatis, doulè k ap lanse
moun nan, pèt sansasyon oswa pikotman nan men oswa
nan pye, difikilte pou moun nan sonje bagay ki fèk pase,
ak pwoblèm kè. Maladi Lyme nan afekte moun nan tout
Massachusetts la.
Se yon bakteri ki afekte globil wouj ki bay babezyoz.
Majorite moun ki enfekte yo pap gen okenn siy maladi
oswa y ap gen siy ki minim anpil. Sentòm yo, lè moun
genyen yo, kòmanse gradyèlman anviwon 1 a 6 semèn
apre yon tik ki enfekte ki sou sèf fin mòde yon moun.
Yo ka gen ladan lafyèv, frison, maltèt, doulè nan jwenti
ak mis yo, fatig, kè plen, vomisman, doulè vant, ak pipi
fonse. Granmoun aje yo ak moun ki pa gen yon larat oswa
yon sistèm defans ki an sante gen plis chans pou yo vin
genyen sentòm grav. Nan Massachusetts, ka maladi sa yo
rive pi souvan Cape Cod, Martha's Vineyard ak Nantucket.
Se yon bakteri ki afekte globil blan ki bay Anaplasmoz.
Sentòm yo parèt jeneralman toudenkou 1 a 2 semèn
apre yon tik ki enfekte ki sou sèf fin mòde yon moun.
Yo ka gen ladan yo lafyèv, maltèt, doulè nan mis, frison,
transpirasyon, kè plen, ak vomisman. Paske sentòm yo ka
vin menase lavi moun nan, li enpòtan pou yo trete moun
nan imedyatman. Granmoun aje yo ak moun ki gen dyabèt
oswa yon sistèm defans ki fèb gen plis chans pou yo vin
genyen sentòm grav. Nan Massachusetts, ka maladi sa yo
rive pi souvan Cape Cod, Martha's Vineyard, Nantucket ak
nan Berkshire County.
Kijan m ka diminye kantite tik ki
ozalantou lakay mwen ?
Ou pa oblije ap mache nan chan bwa pou yon tik
mòde w. Ou ka nan pwòp lakou w ! Ou ka diminye
kantite tik ki ozalantou lakay ou si w swiv konsèy
sa yo :
• Toujou koupe zèb yo kout.
• Retire fèy bwa yo ak touf bwa toutotou lakay ou.
• Koupe branch bwa ki ba yo pou w ka pèmèt plis limyè
solèy antre ak pou diminye imidite. Tik yo bezwen
imidite pou yo siviv.
• Pa kite pil bwa ak veso yo bay zwazo manje yo atè a
epi mete yo lwen lakay ou pou dekouraje sourit ak lòt
wonjè ki ka gen tik.
• Toujou koupe plant yo ki ozalantou mi ki fèt an wòch
yo kout.
• Itilize yon baryè ki gen yon lajè twa pye ki fèt ak ti
moso bwa, pay bwa oswa gravye kote gazon w nan
rive nan bwa yo. Tik yo gen mwens chans pou yo janbe
yon baryè pou y al nan gazon w nan. Li ka sèvi tou kòm
yon bagay pou fè moun k ap janbe baryè a sonje yo
pral nan yon zòn ki ka gen tik.
• Mande moun yo ki fè pepinyè plant nan lokalite w la ki
plant ou ka itilize nan lakou w ki pa atire sèf. Se paske
sèf gen tik epi yo simaye yo de yon kote a yon lòt.
• Itilize kloti pou sèf (pou lakou ki gen 15 ekta tè oswa
pi plis).
• Yon aplikasyon akarasid (pèstisid pou tik) kapab
diminye kantite tik ki nan lakou w. Pwodui yo
disponib nan magazen yo, oswa w ka anvizaje pou w
itilize yon konpayi pèstisid pwofesyonèl.
Ki kalite pwodui pou repouse ensèk
mwen dwe itilize ?
Divès kalite pwodui pou repouse ensèk travay kont divès kalite
ensèk. Li enpòtan pou w gade engredyan aktif ki sou etikèt
pwodui a. Yo rekòmande pwodui pou repouse ensèk ki gen
DEET oswa permethrin pou pwoteksyon kont tik. Kèk pwodui
pou repouse ensèk, tankou picaridin oswa lwil sitwon ekaliptis,
prevni piki moustik men yo PA travay kont tik.
Yo ka itilize pwodui pou repouse ensèk ki gen DEET sou po ki
pa kouvri oswa sou rad. Si w itilize l sou rad ou, sonje DEET ka
domaje kèk fabrik sentetik tankou asetat, reyon oswa "spandex".
Li gen plis pase 200 pwodui ki genyen DEET ki anrejistre nan
Ajans pou Pwoteksyon Anviwonman [(Protection Agency
(EPA)], ki gen konsantrasyon 5% a 100% DEET. Anjeneral, plis
pousantaj DEET a wo, pi lontan l ap dire sou moun nan. Li etikèt
pwodui a pou w ka konnen konbyen fwa ou dwe pase l sou ou
ankò. Yo pa dwe itilize DEET lakay timoun ki pa ko gen 2 mwa.
Timoun ki gen plis pase de mwa dwe itilize konsantrasyon 30%
oswa pi piti.
Yo fè pwodui permethrin yo pou yo itilize sou bagay tankou rad,
soulye, moustikè pou kabann, ak materyèl pou kan epi moun pa
dwe pase yo sou po yo. Pase permethrin sou rad ou anvan w
mete yo sou ou epi swiv entriksyon yo ba w sou pwodui a.
Kijan m ka pwoteje fanmi m, animal
mwen yo, ak tèt mwen kont piki tik ?
Pi bon mwayen pou w prevni maladi sa yo se prevni
piki tik. Yo jwenn tik yo pi souvan nan zòn ki gen zèb,
ki gen touf bwa, epi ki bwaze. Yo kole sou ou sèlman
lè w vin kole dirèkteman avèk yo — yo pa ka sote
oswa vole. Swiv etap sa yo si w abite, travay, oswa
pase tan nan zòn kote tik yo ka ap viv :
• Yon fwa pa jou, verifye si gen tik sou kò w — se sèl bagay ki pi
enpòtan w ka fè. Li ka pran 24 èdtan e plis pou tik ki enfekte
yo simaye maladi, poutèt sa si yon tik mòde w, ou ka anmezi
pou w anpeche w vin malad si w retire tik la rapidman. Pami
plas tik yo pi renmen ale nan kò w, nou jwenn : nan mitan
zòtèy yo, dèyè jenou yo, lenn, anba zesèl, ak kou, nan po tèt,
ak dèyè zòrèy yo. Sonje pou w gade sou timoun ou yo ak
sou bèt ou yo tou. Retire tik yo pi vit posib. Pa bliye verifye
ekipman w, rad ou, ak animal ou yo lè w ap antre lakay ou.
• Itilize pwodui pou repouse ensèk ki genyen DEET yo sou po w
ki pa kouvri ak pwodui ki genyen permethrin yo sou rad ou.
• Kole ak zèb ki wo ak touf bwa ap ogmante kontak ou ak tik yo.
Rete sou wout prensipal yo ak nan mitan chemen yo si w kapab.
• Si tan an pèmèt ou, mete chemiz manch long ki gen koulè pal
ak pantalon long ki antre anndan chosèt ou. Sa ap ede pou fè
tik yo rete lwen po w epi fè l pi fasil pou w wè tik yo sou rad ou.
• Chen ak cheval yo an patikilye gen chans pou yo gen tik sou
yo Pale ak veterinè w la sou pi bon mwayen pou w pwoteje
animal ou yo kont maladi tik transmèt yo.
Kisa m ka fè pou m pwoteje animal
mwen yo ?
Animal domestik ak cheval ka pran maladi nan tik tou. Pale
ak veterinè w la sou vaksinasyon pou animal domestik ou yo
ak sou pwodui pou repouse tik yo apwouve pou itilize pou
animal. Toujou li etikèt pwodui a anvan w itilize l, epi swiv tout
enstriksyon yo avèk atansyon. Egzamine animal domestik ou yo
chak jou pou chache tik. Non sèlman tik yo ka fè animal ou yo
malad, yo ka itilize animal ou yo pou yo "pran yon woulib" pou
yo antre anndan lakay ou kote yo ka mòde oumenm ak fanmi w.
Pou plis enfòmasyon sou maladi tik yo simaye :
TM3915 5/2015 (Haitian Creole)
Depatman Lasante Piblik nan Massachusetts
Biwo pou Maladi Enfektyez
Divizyon Epidemyoloji ak Iminizasyon
(617) 983-6800 oswa nimewo gratis la nan
1-888-658-2850
www.mass.gov/dph/tick
Kisa m dwe fè si m jwenn yon tik sou
mwen ?
Ou dwe retire tik la avèk atansyon pi vit posib. Pi plis tan yon tik ki
enfekte fè kole sou ou, se plis chans ou genyen pou w malad.
1. Itilize yon ti pensèt ki gen pwent fen, ki pwòp pou w pran tik la
pi pre posib ak po w.
2. Rale monte avèk yon presyon fèm, ki pa chanje. Pa tòdye tik la
oswa rale l monte briskeman — sa ka lakoz pyès ki fòme bouch
li yo kase epi rete nan po w. Si sa rive, retire pyès ki fòme
bouch li yo avèk pens. Si w pa kapab retire bouch la fasil avèk
pens pwòp yo, kite l konsa epi kite po a geri.
3. Apre w fin retire tik la, byen netwaye zòn kote w te pike a ak
men w avèk alkòl, yon bwòs ki gen yòd, oswa savon ak dlo.
Evite remèd popilè yo tankou "pentire" tik la avèk kitèks oswa
pomad petwoleyòm, oswa itilize chalè. Sa yo kapab pa lakoz tik la
dekole epi yo ka ogmante chans pou tik la simaye maladi. Objektif
ou se retire tik la pi vit posib — pa tann pou l dekole.
Make dat la ak ki kote sou kò w ou te retire tik la. Fè moun k ap ba
w swen sante a konnen si se yon tik ki sou sèf ki te mòde w oswa
si w vin genyen yon gratèl oswa lòt siy maladi pandan sezon tik la.
Doktè w la ka deside pou l trete w apre
yon tik ki sou sèf mòde w.
Dostları ilə paylaş: |