Prevni Maladi Tik Simaye Kisa tik yo ye ?



Yüklə 35,91 Kb.
Pdf görüntüsü
tarix24.04.2018
ölçüsü35,91 Kb.
#40104


Prevni Maladi 

Tik Simaye


Kisa tik yo ye ? 

Tik yo se ensèk ki viv gras a san moun ak animal. Lè 

yo mòde w, yo ka fè w malad. Gen de kalite tik nan 

Massachusetts ki ka pote maladi — tik ki sou sèf ak tik 

ki sou chen.

Tik ki sou sèf yo 

Ni jenn tik ki sou sèf (nymp) ni adilt tik ki sou sèf mòde moun. Ris 

pou yon tik ki sou sèf mòde w pi wo nan prentan, ete ak otòn. Men, 

tik yo ka deyò nenpòt lè tanperati ivè yo pi wo pase tanperati k ap 

fè glas. Jenn tik ki sou sèf (nymph) yo menm gwosè ak yon grenn 

"pavo" ("poppy") epi tik adilt ki sou sèf yo menm gwosè ak yon 

grenn jijiri, kidonk li ka difisil pou moun wè yo.

Tik ki sou chen yo 

Anjeneral, se sèlman tik adilt ki sou chen yo ki mòde moun. Ris 

pou yon tik ki sou chen mòde w pi wo nan sezon prentan ak ete. 

Tik adilt ki sou chen yo menm gwosè ak yon grenn melon dlo. 

Ou dwe retire yon tik avèk atansyon pi vit 

posib. Pi plis tan yon tik ki enfekte fè kole 

sou ou, se plis chans ou genyen pou w malad. 



Itilize pwodui sa yo avèk pridans !

Swiv enstriksyon ki sou etikèt pwodui a. Si w gen 

kesyon apre w fin li etikèt la, kontakte konpayi ki fè 

pwodui a.

 

• Pa itilize pwodui pou repouse ensèk anba rad ou.



•  Pa itilize pwodui pou repouse ensèk sou kote w blese oswa 

kote po w irite.

•  Pa itilize pwodui pou repouse ensèk tou pre bouch ou oswa je 

w — epi itilize yon tikras ozalantou zòrèy ou yo. Lè w ap itilize 

pwodui espre yo, flite pwodui a nan men w dabò epi apre pase 

l nan figi w.

•  Itilize yon ti kantite ki kont ase pou kouvri po ki pa kouvri a 

lejèman ak/oswa rad la. Mete anpil nan pwodui a bay pi bon 

rezilta.

•  Pa kite timoun manyen pwodui a. Lè w ap itilize pwodui pou 

repouse ensèk sou timoun, mete enpe nan men w dabò, epi 

apre pase l sou timoun nan. Pa mete pwodui pou repouse 

ensèk nan men timoun.

•  Lè w antre lakay ou, lave men w ak rad yo ki te gen pwodui pou 

ensèk sou yo a.

Kisa pou m fè si m fè yon reyaksyon a 

yon pwodui pou repouse ensèk ?

Si w sispèk oumenm oswa timoun ou an gen yon reyaksyon 

segondè a yon pwodui pou repouse ensèk (pa egzanp si w vin 

genyen yon gratèl sou po w oswa lòt sentòm ou panse se paske 

w t ap itilize yon pwodui pou repouse ensèk), retire kèlkeswa 

rad ki te gen pwodui a sou yo a, lave zòn ki afekte a avèk savon 

ak dlo, epi kontakte doktè w oswa sant kontwòl pwazon ki nan 

lokalite w la. Si w pral kay doktè w la, mache ak pwodui pou 

repouse ensèk la — enfòmasyon k sou etikèt la kapab ede.  

Nimewo telefòn gratis Sant Rejyonal pou Kontwòl Pwazon an se 

(800) 222-1222.



Ki maladi tik yo simaye ?

Tik sou chen yo ka simaye lafyèv poup nan Mòn ki gen 

Wòch (Rocky Mountain spotted fever) ak Tilaremi. 

"Rocky Mountain spotted fever" se yon maladi bakteryèn ki 

bay jeneralman gwo lafyèv ak maltèt grav epi fatig. Sentòm 

yo kòmanse nenpòt lè soti nan 3 jou pou rive sou 2 semèn 

apre yon tik ki enfekte fin mòde yon moun. Yon gratèl ki gaye 

al nan pla men ak anba pla pye parèt souvan ant 3 a 5 jou 

apre lafyèv la kòmanse. "Rocky Mountain spotted fever" a se 

yon maladi ki ra nan Massachusetts epi li rive jeneralman nan 

pati sidès eta a, Cape Cod, ak nan Martha's Vineyard.

Tilaremi se maladi bakteri bay apre yon tik sou chen ki 

enfekte mòde yon moun. Sentòm yo kòmanse jeneralman 

ant 3 a 5 jou apre tik la mòde moun nan, men li ka pran 

jiska 3 semèn pou yo parèt. Moun tik mòde yo genyen 

jeneralman yon blesi ki pran tan pou l geri sou po yo ak 

glann yo ki anfle (glann lenfatik yo). Nan Massachusetts

moun enfekte pi souvan Cape Cod, Martha's Vineyard  

ak Nantucket. 



Tik ki sou sèf yo ka simaye maladi Lyme (Lyme 

disease), Babezyoz, ak anaplasmoz.  

Se bakteri ki bay maladi Lyme nan. Sentòm yo kòmanse 

nenpòt lè soti nan 3 jou pou rive sou 1 mwa apre yon tik ki 

enfekte ki sou sèf fin mòde yon moun. Sentòm yo ka gen 

ladan yo yon gratèl ozalantou kòte tik la mòde moun nan 

ki sanble souvan a je yon towo bèf, ak / oswa sentòm ki 

sanble ak grip. Si moun nan pa trete, bakteri a ka anvayi 

lòt pati nan kò a epi li ka lakoz rimatis, doulè k ap lanse 

moun nan, pèt sansasyon oswa pikotman nan men oswa 

nan pye, difikilte pou moun nan sonje bagay ki fèk pase, 

ak pwoblèm kè. Maladi Lyme nan afekte moun nan tout 

Massachusetts la.

Se yon bakteri ki afekte globil wouj ki bay babezyoz. 

Majorite moun ki enfekte yo pap gen okenn siy maladi 

oswa y ap gen siy ki minim anpil. Sentòm yo, lè moun 

genyen yo, kòmanse gradyèlman anviwon 1 a 6 semèn 

apre yon tik ki enfekte ki sou sèf fin mòde yon moun. 

Yo ka gen ladan lafyèv, frison, maltèt, doulè nan jwenti 

ak mis yo, fatig, kè plen, vomisman, doulè vant, ak pipi 

fonse. Granmoun aje yo ak moun ki pa gen yon larat oswa 

yon sistèm defans ki an sante gen plis chans pou yo vin 

genyen sentòm grav. Nan Massachusetts, ka maladi sa yo 

rive pi souvan Cape Cod, Martha's Vineyard ak Nantucket.

Se yon bakteri ki afekte globil blan ki bay Anaplasmoz. 

Sentòm yo parèt jeneralman toudenkou 1 a 2 semèn 

apre yon tik ki enfekte ki sou sèf fin mòde yon moun. 

Yo ka gen ladan yo lafyèv, maltèt, doulè nan mis, frison, 

transpirasyon, kè plen, ak vomisman. Paske sentòm yo ka 

vin menase lavi moun nan, li enpòtan pou yo trete moun 

nan imedyatman. Granmoun aje yo ak moun ki gen dyabèt 

oswa yon sistèm defans ki fèb gen plis chans pou yo vin 

genyen sentòm grav. Nan Massachusetts, ka maladi sa yo 

rive pi souvan Cape Cod, Martha's Vineyard, Nantucket ak 

nan Berkshire County.



 

 

Kijan m ka diminye kantite tik ki 



ozalantou lakay mwen ? 

Ou pa oblije ap mache nan chan bwa pou yon tik 

mòde w. Ou ka nan pwòp lakou w ! Ou ka diminye 

kantite tik ki ozalantou lakay ou si w swiv konsèy 

sa yo :

 

• Toujou koupe zèb yo kout.



• Retire fèy bwa yo ak touf bwa toutotou lakay ou.

•  Koupe branch bwa ki ba yo pou w ka pèmèt plis limyè 

solèy antre ak pou diminye imidite. Tik yo bezwen 

imidite pou yo siviv.

•  Pa kite pil bwa ak veso yo bay zwazo manje yo atè a 

epi mete yo lwen lakay ou pou dekouraje sourit ak lòt 

wonjè ki ka gen tik.

•  Toujou koupe plant yo ki ozalantou mi ki fèt an wòch 

yo kout.

•  Itilize yon baryè ki gen yon lajè twa pye ki fèt ak ti 

moso bwa, pay bwa oswa gravye kote gazon w nan 

rive nan bwa yo.  Tik yo gen mwens chans pou yo janbe 

yon baryè pou y al nan gazon w nan. Li ka sèvi tou kòm 

yon bagay pou fè moun k ap janbe baryè a sonje yo 

pral nan yon zòn ki ka gen tik. 

•  Mande moun yo ki fè pepinyè plant nan lokalite w la ki 

plant ou ka itilize nan lakou w ki pa atire sèf. Se paske 

sèf gen tik epi yo simaye yo de yon kote a yon lòt.

•  Itilize kloti pou sèf (pou lakou ki gen 15 ekta tè oswa  

pi plis).

•  Yon aplikasyon akarasid (pèstisid pou tik) kapab  

diminye kantite tik ki nan lakou w. Pwodui yo 

disponib nan magazen yo, oswa w ka anvizaje pou w 

itilize yon konpayi pèstisid pwofesyonèl.




Ki kalite pwodui pou repouse ensèk 

mwen dwe itilize ?

Divès kalite pwodui pou repouse ensèk travay kont divès kalite 

ensèk. Li enpòtan pou w gade engredyan aktif ki sou etikèt 

pwodui a. Yo rekòmande pwodui pou repouse ensèk ki gen 

DEET oswa permethrin pou pwoteksyon kont tik. Kèk pwodui 

pou repouse ensèk, tankou picaridin oswa lwil sitwon ekaliptis, 

prevni piki moustik men yo PA travay kont tik.

Yo ka itilize pwodui pou repouse ensèk ki gen DEET sou po ki 

pa kouvri oswa sou rad. Si w itilize l sou rad ou, sonje DEET ka 

domaje kèk fabrik sentetik tankou asetat, reyon oswa "spandex".

Li gen plis pase 200 pwodui ki genyen DEET ki anrejistre nan 

Ajans pou Pwoteksyon Anviwonman [(Protection Agency 

(EPA)], ki gen konsantrasyon 5% a 100% DEET. Anjeneral, plis 

pousantaj DEET a wo, pi lontan l ap dire sou moun nan. Li etikèt 

pwodui a pou w ka konnen konbyen fwa ou dwe pase l sou ou 

ankò. Yo pa dwe itilize DEET lakay timoun ki pa ko gen 2 mwa. 

Timoun ki gen plis pase de mwa dwe itilize konsantrasyon 30% 

oswa pi piti.

Yo fè pwodui permethrin yo pou yo itilize sou bagay tankou rad, 

soulye, moustikè pou kabann, ak materyèl pou kan epi moun pa 

dwe pase yo sou po yo. Pase permethrin sou rad ou anvan w 

mete yo sou ou epi swiv entriksyon yo ba w sou pwodui a.




Kijan m ka pwoteje fanmi m, animal 

mwen yo, ak tèt mwen kont piki tik ?

Pi bon mwayen pou w prevni maladi sa yo se prevni 

piki tik. Yo jwenn tik yo pi souvan nan zòn ki gen zèb, 

ki gen touf bwa, epi ki bwaze. Yo kole sou ou sèlman 

lè w vin kole dirèkteman avèk yo — yo pa ka sote 

oswa vole. Swiv etap sa yo si w abite, travay, oswa 

pase tan nan zòn kote tik yo ka ap viv :

 

•  Yon fwa pa jou, verifye si gen tik sou kò w — se sèl bagay ki pi 



enpòtan w ka fè. Li ka pran 24 èdtan e plis pou tik ki enfekte 

yo simaye maladi, poutèt sa si yon tik mòde w, ou ka anmezi 

pou w anpeche w vin malad si w retire tik la rapidman. Pami 

plas tik yo pi renmen ale nan kò w, nou jwenn : nan mitan 

zòtèy yo, dèyè jenou yo, lenn, anba zesèl, ak kou, nan po tèt, 

ak dèyè zòrèy yo. Sonje pou w gade sou timoun ou yo ak 

sou bèt ou yo tou. Retire tik yo pi vit posib. Pa bliye verifye 

ekipman w, rad ou, ak animal ou yo lè w ap antre lakay ou.

•  Itilize pwodui pou repouse ensèk ki genyen DEET yo sou po w 

ki pa kouvri ak pwodui ki genyen permethrin yo sou rad ou. 




•  Kole ak zèb ki wo ak touf bwa ap ogmante kontak ou ak tik yo. 

Rete sou wout prensipal yo ak nan mitan chemen yo si w kapab.

•  Si tan an pèmèt ou, mete chemiz manch long ki gen koulè pal 

ak pantalon long ki antre anndan chosèt ou. Sa ap ede pou fè 

tik yo rete lwen po w epi fè l pi fasil pou w wè tik yo sou rad ou.

•  Chen ak cheval yo an patikilye gen chans pou yo gen tik sou 

yo Pale ak veterinè w la sou pi bon mwayen pou w pwoteje 

animal ou yo kont maladi tik transmèt yo.



Kisa m ka fè pou m pwoteje animal  

mwen yo ?

Animal domestik ak cheval ka pran maladi nan tik tou. Pale 

ak veterinè w la sou vaksinasyon pou animal domestik ou yo 

ak sou pwodui pou repouse tik yo apwouve pou itilize pou 

animal. Toujou li etikèt pwodui a anvan w itilize l, epi swiv tout 

enstriksyon yo avèk atansyon. Egzamine animal domestik ou yo 

chak jou pou chache tik. Non sèlman tik yo ka fè animal ou yo 

malad, yo ka itilize animal ou yo pou yo "pran yon woulib" pou 

yo antre anndan lakay ou kote yo ka mòde oumenm ak fanmi w.



Pou plis enfòmasyon sou maladi tik yo simaye :

TM3915    5/2015    (Haitian Creole)



Depatman Lasante Piblik nan Massachusetts

Biwo pou Maladi Enfektyez

Divizyon Epidemyoloji ak Iminizasyon

(617) 983-6800 oswa nimewo gratis la nan 

1-888-658-2850

www.mass.gov/dph/tick



Kisa m dwe fè si m jwenn yon tik sou 

mwen ?

Ou dwe retire tik la avèk atansyon pi vit posib. Pi plis tan yon tik ki 

enfekte fè kole sou ou, se plis chans ou genyen pou w malad. 

1.   Itilize yon ti pensèt ki gen pwent fen, ki pwòp pou w pran tik la 

pi pre posib ak po w.

2.  Rale monte avèk yon presyon fèm, ki pa chanje. Pa tòdye tik la 

oswa rale l monte briskeman — sa ka lakoz pyès ki fòme bouch 

li yo kase epi rete nan po w.   Si sa rive, retire pyès ki fòme 

bouch li yo avèk pens. Si w pa kapab retire bouch la fasil avèk 

pens pwòp yo, kite l konsa epi kite po a geri. 

3.  Apre w fin retire tik la, byen netwaye zòn kote w te pike a ak 

men w avèk alkòl, yon bwòs ki gen yòd, oswa savon ak dlo.  

Evite remèd popilè yo tankou "pentire" tik la avèk kitèks oswa 

pomad petwoleyòm, oswa itilize chalè. Sa yo kapab pa lakoz tik la 

dekole epi yo ka ogmante chans pou tik la simaye maladi. Objektif 

ou se retire tik la pi vit posib — pa tann pou l dekole.

Make dat la ak ki kote sou kò w ou te retire tik la. Fè moun k ap ba 

w swen sante a konnen si se yon tik ki sou sèf ki te mòde w oswa 

si w vin genyen yon gratèl oswa lòt siy maladi pandan sezon tik la.  

Doktè w la ka deside pou l trete w apre   



yon tik ki sou sèf mòde w. 

Yüklə 35,91 Kb.

Dostları ilə paylaş:




Verilənlər bazası müəlliflik hüququ ilə müdafiə olunur ©genderi.org 2024
rəhbərliyinə müraciət

    Ana səhifə